Ajan Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) bonbade plizyè etidyan Syanzimèn ak gaz lakrimojèn pandan yo t ap manifeste devan lokal Boje a, nan Pòtoprens, lendi 16 novanm 2026 la. Etidyan yo te pran lari pou denonse move kondisyon etid yo epi mande otorite konsène yo amelyore sitiyasyon an.
Manifestasyon an te dewoule nan yon tansyon ant etidyan yo ak ajan lapolis ki te itilize gaz lakrimojèn pou dispèse yo.













