Daphinis ak Alain Joseph ki gen 51 ak 35 lane jwenn arestasyon yo nan depatman Sant peyi Dayiti wikenn pase a. Daphinis se youn nan bandi ki fè pati 400 mawozo ki konn detounen kamyon machandiz e Alain li menm, se te antèn bandi yo li te ye anba yon ponp gaz nan komin Kwadèboukè. […]Lire plus...
Jean-Baptiste Johnson alyas “Bout John” te konn patisipe nan anpil anlèvman, brakaj, detounman kamyon elatriye. Lapolis nan kad yon operasyon mete fen nan lavi malfra sa a samdi 10 desanm pase a nan lokalite Rosemberg, anndan komin Kwadèboukè. Nan moman yo touye l la, polisye yo jwenn yon pistolè sou li ak lòt materyèl ankò […]Lire plus...
Sibstiti komisè gouvènman Jakmèl la, Mathurin Royal, konfime Lapolis nan vil la mete anba kòd ayè jedi 17 novanm nan, Edison Samedy, pandan yon operasyon. Li fè pati gang Vitelòm nan. Toujou daprè mèt la, gen 7 lòt moun lapolis arete nan kad operasyon sa. Anpil nan bandi k ap feraye nan zòn metwopolitèn nan […]Lire plus...
Youn nan bra dwat chèf gang Jeff moun konnen sou non “Djòl” ki tap dirije yon blòk nan Kanaran tonbe nan echanj kout zam ak lapolis nan kad yon entèvansyon PNH la tap fè nan zòn Koray-Seslès ayè madi 8 novanm nan. “Djòl” se youn nan bandi ki patisipe nan anpil move zak sou wout […]Lire plus...
Eléus Vilanor alyas “Zion” ki se 2e chèf gang Kanaran an tonbe nan echanj kout zam ak lapolis. Polisye yo rekipere nan moman operasyon sa a yon fizi 12. Zion se youn nan pi gwo kriminèl lapolis tap chache e ki enplike nan divès krim tankou asasina, nan mwa mas 2022 a, polisye Henry Mark […]Lire plus...
Jeff alyas Pipo se non chèf gang sa a ki t ap simen latwoublay nan zòn Dival ak Site Doudoun ki sitiye nan komin Kwadèboukè. Li jwenn lanmò l anba bal menm bandi parèy li yo yè dimanch lan egzateman nan Site Doudoun. Jeff te fenk sòti Sen Domeng kote l t al pase kèk […]Lire plus...
Samdi 29 oktòb la nan aswè, bandi libere pitit Mosanto Petit a tout moun konnen sou non Toto. Kesnel Petit te anlve jedi pase a Laboul 12 e se baz Ti Makak la ki te kidnape l . Selon enfòmasyon yo, gen lajan ki vèse pou sa e 2 moun ki te pote lajan an […]Lire plus...
Moun yo pa rive idantifye asasine 5 moun sou wout Jivena maten samdi 29 oktòb 2022 a, kole kole ak Union School. Depi kèk jou gen yon ekip moun k ap mache kay malfèktè pou rache yo ak manchèt sou pretèks yo ta touye moun mistikman nan zòn Dezèmit. Daprè sa yon vodouyizan rapòte, gen […]Lire plus...
Malgre machin li te blennde nan nivo 4 daprè sa fanmi Eric Jean-Baptiste rapòte, sa pa anpeche bandi yo asasinen l. Machin Sekretè Jeneral RDNP a resevwa anpil katouch e se zam gwo kalib ki pèse kò machin nan. Li jwenn lanmò l kèk jou aprè li te fin poze kesyon sou kiyès ki pral […]Lire plus...
PDG SAM Anbilans lan Ralph Senécal ak tout chofè l te viktim zak kidnaping nan komin Gantye samdi 8 oktòb 2022. Malgre ranson fanmi an bay kidnapè yo, yo pat deside libere otaj yo. Aprè anpil tanpri souple yo resi liberel lendi 24 oktòb la nan aswè. Ralph Senécal t ap sòti Sendomeng lè malfra […]Lire plus...






