Vyolans ame nan Gwo Mòn, nan depatman Latibonit, fòse 10 197 moun kite kay yo sòti 28 septanm pou rive 13 oktòb 2026, daprè yon evalyasyon Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM). Selon done OIM yo, moun sa yo reprezante 2 436 fanmi. Anviwon 99% nan moun ki deplase yo jwenn refij lakay lòt fanmi, tandiske rès la enstale nan de espas ki prepare pou resevwa viktim vyolans yo. Gwo Mòn ak Gonayiv resevwa respektivman 71% ak 23% nan moun ki deplase yo. Pami zòn ki sibi atak yo genyen Pèltye, Kanifis, sant vil la, Kamas ak Dosni.
Sitiyasyon sekirite a kontinye agrave nan Latibonit. Nan yon evalyasyon ki te kouvri peryòd me rive out 2026, OIM te deja rapòte yon ogmantasyon 16% nan kantite moun ki deplase nan depatman an.















