Pandan minis Zafè Etranjè Ayiti a deklare sou tribin Nasyon Zini lendi 26 septanm nan tout bagay sou kontwòl epi li di yo gen kontwòl gang yo, bandi kidnape yon kad nan ministè Edikasyon Nasyonal ki rele Dr Hervé Boursiquot sou Wout Frè a dimanch 25 septanm nan nan aswè. Gen 3 lòt anplwaye ministè […]Lire plus...
Nèg ak zam ki t ap flannen sou yon pikòp Hilux koulè ble kidnape 4 moun byen bonè maten an nan Kafoufèy, zòn plas Jeremi. Youn nan moun yo t ap debouye l pou l al Legliz lè bandi yo kidnape l la. Pa gen moun ki ko konn idantite moun yo anlve yo ni […]Lire plus...
Gras ak entèvansyon Lapolis bandi ak zam pa reyisi fè yon kidnaping nan anviwon Chandmas aprèmidi dimanch 25 septanm nan. Polisye yo estope 2 nan bandi ki t ap tante fè anlèvman an e 2 otaj yo libere. Polisye yo tou te pwofite lage koukouwouj dèyè kèk lòt ki te nan yon machin san plak […]Lire plus...
Nan kad 5e jounen mouvman leve kanpe ak kraze brize ki gen nan peyi a, chèf gang yo sanble pa vle fè zewo e yo vle mete Lapolis an dawout. Jodi vandredi 16 septanm nan, anplis de Jimmy Chérisier ki nan lari a, anba Dèlma, chèf gang Vithelome ap chache pran kontwòl Wout Frè bò […]Lire plus...
Pandan l nan plaj li nan komin Akayè, bandi ak gwo zam san fwa moun pa rive idantifye debake sou M. DENIS, PDG paryaj pa m nan epi ale avè l. Yo anlve l maten vandredi 16 septanm nan. Enfòmasyon yo ta fè kwè se sou lanmè a bandi yo pase pou yo zak sa […]Lire plus...
Nan kad mobilizasyon ki genyen nan kat kwen peyi a, youn nan chèf gang Lapolis la di l ap chache ak epeny ti tèt ki se Jimmy Chérisier alyas Babekyou te mete manifestasyon pa l sou pye anba Dèlma kote l t ap chante “nou pral fè dechoukay”. Sèn piyaj ki te gen sou Dèlma […]Lire plus...
Jodi mèkredi 14 septanm 2022 a, ajan egzekitif Meri Taba a ki se Nice Simon akonpanye ak Lapolis dekouvri kadav Marie Lydie Duvivier nan zòn Nway. Marie Lydie t ap travay nan Digicel kòm responsab jesyon kont kliyan nan konpayi sa a. Fòk nou raple, bandi te touye l ayè madi 13 septanm nan aprè […]Lire plus...
Marie Lydie Duvivier ki se aktyèl anplwaye konpayi Digicel jwenn lanmò l jodi madi 13 septanm 2022 a nan komin Taba. Li jwenn lanmò l alòske l t ap tante chape anba yon kidnaping. Aprè bandi yo fin touye l, yo ale ak kadav la ak tout machin li te ye a ye a e […]Lire plus...
Ti Toutou ansanm ak yon kòd makout li bwè dlo bouch yo ayè samdi 10 septanm 2022 a nan echanj kout zam ak Lapolis nan zòn Bon Repo ki nan komin Kwadèboukè. Se Lapolis ki anonse nouvèl la sou paj Facebook li. Ti Toutou te fenk ap enstale sistèm son pou l al pran syèj […]Lire plus...
Yon patwouy Brigad Entèvansyon reyisi detounen yon tantativ kidnaping nan Ri Janbatis Delma 33 dimanch 4 septanm 2022 a. Saint-Louis Bernadin, youn nan kidnapè yo ki t ap tante anlve yon moun ki gen 31 lane al bwa chat. Li te gen yon Glock 12 nan men l kalib 9mm, seri l se RXK 500. […]Lire plus...






