Konsèy Sekirite Nasyonzini an pwolonje pou yon lòt ane anbago sou zam pou Ayiti, ansanm ak entèdiksyon vwayaj ak blokaj byen finansye moun ki sou lis sanksyon an. Desizyon sa a pran mèkredi 14 oktòb 2026 la, atravè rezolisyon 2831, ki jwenn 14 vòt anfavè, pandan Larisi absteni.
Konsèy Sekirite a fè konnen mezi sa yo antre nan kad efò pou konbat vyolans gang yo, trafik ilegal zam ak minisyon, kidnapin ak lòt aktivite kriminèl k ap alimante ensekirite ann Ayiti.













