Dieurickson Mondelus, 19 lane, pèdi lavi li aprè li te pran yon bal nan tèt pandan yon match foutbòl nan Sasye, 4èm seksyon komin Jeremi, jedi 27 dawout 2026 la. Daprè enfòmasyon yo, yon diskisyon te leve sou tèren an pandan match la, anvan jèn gason an te pran bal. Daprè temwayaj ki disponib yo, se yon polisye ki ta tire kout zam nan.
Lanmo Dieurickson Mondelus la soulve yon lòt fwa kesyon sou fason kèk polisye ap itilize zam yo.













