Yon nouvo enfòmasyon nan ankèt sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse mete ansyen jij Wendelle Coq Thélot nan sant atansyon an. Daprè enfòmasyon k ap sikile yo, FBI ta jwenn yon foto ki montre ansyen jij la nan yon reyinyon ak mèsenè kolonbyen yo ki enplike nan dosye asasina ansyen chèf leta a, 7 jiyè 2021. Foto sa a ta gen rapò ak pwosedi jidisyè k ap dewoule nan tribinal federal Miami an, kote Christian Emmanuel Sanon ap fè fas ak akizasyon ki gen rapò ak konplo ki te mennen nan lanmò Jovenel Moïse.
N ap raple, daprè sa fanmi li fè konnen, jij Wendelle Coq Thélot mouri epi yo antere li













