Jilè jòn, travayè ki fristre, migran ki an difikilte melanje ak liseyen yo ki te nan lari depi plizyè semèn avan sa, ap fè gwo vyolans nan plizyè gran vil nan peyi Lafrans. Fòs lòd yo prèske paka kontwole pwotestatè yo k ap kraze vit machin, boule kawotchou epi kraze anpil espas piblik. Maten samdi 17 oktòb la, Pari reveye tou nwa akoz vyolans manifestan yo ki ankòlè pou revandike dwa yo.
Depi plizyè jou, gouvènman fransè a nan yon enpas difisil paske se prèske tout peyi a ki mande pou sistèm nan chavire.















