Gang k ap fè dezòd nan lokalite Bèsi nan komin Akayè fè gwo dega. Yo boule kay moun, yo touye pliske 10 moun, yo lakoz anpil fanmi nan gwo pwoblèm depi plizyè jou. Se teworis ki rele Izo 2 a ak ekip li k ap fè dega nan komin Akayè depi plizyè jou. Malgre prezans plizyè blennde ak dwòn ki lage nan divès kwen, barikad ak zòn ki inaksesib lakoz fòs lòd yo paka atenn sib yo. Moun Akayè pa sispann mande otorite yo pou yo fè yon bagay pou yo.
N ap raple Izo 2 sa a se li menm ki te nan komin Kenskòf ki ale Akayè al fè dega sa yo.













