Mèt Phénil Gordon Désir parèt devan tribinal federal nan Miami jounen lendi 2 novanm 2026 la. Objektif konparisyon li an se te pou mete l okouran de diferan akizasyon gouvènman ameriken an kenbe kont li, nan kad dosye asasina prezidan Jovenel Moïse la. Mèt Gordon pa gen kòb pou peye avoka, se Leta k ap mete youn disponib pou li selon enfòmasyon Luckson St-Vil pataje. Jij Enjoliqué Aytch Lett ki tap tande Gordon di l konsa depi 3 chèf akizasyon yo kenbe aprè odisyon l, l ap pran prizon avi.
Jounalis ki te sou plas yo di madan Gordon te prezan nan tribinal la jodi a tou pou asiste misye.













