Lapolis melanje ak kèk manm FRG a ki jwenn sipò brigad nan zòn yo frennen plizyè kriminèl nan komin Akayè ayè lendi 2 novanm 2026 la. Pami zèfèyis ki etenn yo, gen youn ki te sou tèt yon lopital ak yon kalachnikov nan men l. Fòs lòd yo, malgre barikad gang yo mete, rive kontwole yon bon pati nan komin nan epi yo mete teworis yo nan kanpe lwen. Travay sa a yo reyalize gras ak sipò popilasyon sivil la.
Konsènan rimè k ap kouri sou lanmò Didy alyas Izo 2, enfòmasyon sa a pa konfime.













