Pou ane 2022 a, gen 5 234 moun ki viktim aksidan nan peyi Dayiti daprè òganizasyon Stop Accident nan yon rapò li rann piblik. Se 641 moun ki fè vwèl pou peyi san chapo e 4 580 lèzòt blese. Se nan mwa mas ak avril 2022 plis moun te tonbe. Youn aprè lòt se 116 […]Lire plus...
Maçon Silencieux se non yon bandi ki t ap opere nan gang Ti Makak la Lapolis rive retire lavi l. Zak sa pase jounen madi 3 janvye a pandan Lapolis t ap tire ak mesye yo. Maçon Silencieux te konn fè kidnaping nan Laboul ak Tomasen. Gen 3 lòt bandi ki tonbe nan menm atak […]Lire plus...
Yon sivil ame tonbe anba pandan anpil kout zam chante nan Tomasen 32, 40 ak Tomasen 48 aprè midi madi 3 janvye 2023 a ant Lapolis ak bandi ki fè pati gwoup gang Ti Makak la. Daprè enfòmasyon abitan nan zòn nan ak kèk pasan konfye ak nou se yon alèt ki te lanse sou […]Lire plus...
Poutèt li vyole lòd piblik e paske li vyole atik 283 kòd penal ayisyen an, pastè Armel La fleur jwenn envitasyon Tribinal Premye Enstans Pòtoprens pou vin reponn kesyon sou sa yo repwoche l yo. Lidè relijye a gen pou l parèt devan pakè a demen mèkredi 4 janvye 2023 a apati 10è nan maten. […]Lire plus...
Sitwayen ayisyen pral gen posiblite pou ale Brezil san viza si sa gen pou wè ak “ka regwoupman familyal”, selon yon desizyon lajistis nan peyi Brezil pran yè vendredi 16 desanm 2022 a. Daprè jounal Listin Diario, moun ki swete ale yo dwe gen otorizasyon tribinal peyi Brezil yo paske se ayisyen ki o Brezil […]Lire plus...
Yon final ki fini ak 6 gòl, 3 gòl Mbappé pou Lafrans, 2 gòl Messi ak youn pou Di Maria, match sa a ta pral fini nan pwolongasyon nan anpil gwo entansite. Aprè chout penaliti kote Lafrans rate 2 nan pa l yo, ekip Ajantin nan ranpòte 22e edisyon koup di mond lan e pote […]Lire plus...
Jean-Baptiste Johnson alyas “Bout John” te konn patisipe nan anpil anlèvman, brakaj, detounman kamyon elatriye. Lapolis nan kad yon operasyon mete fen nan lavi malfra sa a samdi 10 desanm pase a nan lokalite Rosemberg, anndan komin Kwadèboukè. Nan moman yo touye l la, polisye yo jwenn yon pistolè sou li ak lòt materyèl ankò […]Lire plus...
Gérard Nicolas 51 lane, se non yon sitwayen ki gen nasyonalite ayisyèn ak kanadayèn ki jwenn arestasyon l pou dosye teworis. Non li site kòm moun ki t ap tante fè yon koudeta kont ansyen prezidan Jovenel Moïse depi avan 2021, daprè sa yon jounal nan peyi sa a ekri. Selon Jandamri Wayal Kanada, mouche […]Lire plus...
Gen anpil moun ki temwanye pou di gen migran yo jwenn ak papye, yo chire l yo voye yo ale. Gen lòt yo mande lajan aprè sa yo lage yo. Depòtasyon sa yo atenn yon chif ki depase degre daprè yon rapò Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM) mete deyò. Sou 3 dènye mwa sa yo, se […]Lire plus...
Tout ayisyen ki t ap viv an Repiblik Dominikèn sou tè prive ak tè Leta, kay prive ak kay Leta san otorizasyon p ap janm jwenn viza pou yo retounen Sen Domeng. Se prezidan dominiken an, Luiz Abinader ki siyen desizyon sa a jodi madi 15 novanm nan. Nan dekrè sila a, depi moun nan […]Lire plus...






