Daprè enfòmasyon jounalis Thériel Thélus pataje, ansyen anbasadè Paryaj Pam nan ta kondane pou pase 3 lane nan prizon, selon desizyon lajistis pran ayè mèkredi 19 out 2026 la. Otorite jidisyè yo te jwenn enfliyansez la koupab nan yon dosye ki gen rapò ak « asosyasyon malfektè ». Pou kalite enfraksyon sa a, lalwa ta prevwa yon santans ki kapab ale jiska 15 lane prizon.
Malgre tribinal la te kapab bay yon santans ki pi sevè, jij la ta deside aplike minimòm legal la, sa vle di 3 lane prizon.





















