Depi 3è nan maten dimanch 22 novanm 2026 la, gen yon operasyon gason pa kanpe nan antre sid kapital la. Anpil dwòn kamikaz lage pandan jounen an sou kachèt bandi yo. Lapolis, task fòs ki jwenn sipò militè salvadoryen yo kontinye mete dòmi nan je kriminèl yo. Selon enfòmasyon ki disponib, anpil move grenn deja tonbe.
Gen anpil blòk nan antre sid kapital la ki te gen bandi ki deja blanch kou koton.













