Siksè mizik “Yo kase tèt DG a” kontinye fè wout li. Aprè tit sa a fin fè tranble plizyè peyi an Afrik tankou Kap Vè atis ayisyen an ki gen ti non jwèt “Afriken” pral kolabore ak yon chantè dominiken ki rele Bulin 47. Nan yon imaj ki parèt kote 2 atis yo poste sou travay pwojè a, enfòmasyon yo fè kwè se yon Remix k ap prepare ak menm tit “Yo kase tèt DG”. Kolaborasyon sa a gentan lage anpil fyèv sou rezo tèlman fanatik yo ap tann sa ki pral fèt la.
Tèt ansanm sa a pral pèmèt Afriken rive nan zòrèy yon lòt kominote mizikal ki pi laj, sitou ispanofòn yo.





















