Val Ené, jounalis nan radyo Scoop FM enstale jounen kite madi 24 jwen 2025 lan kòm moun ki pral pote lapawòl pou Primati Repiblik la. Li enstale nan pòs sa a nan kad “les mardis de la nation” abolotyo yo toujou òganize pou bay manti. Ené Val pwomèt li pral travay pou l ka delivre machandiz la kòmsadwa, nan moman li te entèvni.
Se pa premye jounalis nan radyo sa a ki jwenn djòb nan gouvènman sila a.