Daprè ICE Flight Monitor, yon platfòm ki kontwole mouvman vòl depòtasyon ICE yo Ozetazini, yon nouvo vòl ki pote nimewo GXA6122 te pwograme pou kite Alexandria, Louisiana, jedi 17 septanm nan, a 10:08 nan maten, pou l ale dirèkteman Okap, kote li te prevwa ateri anviwon 1:21 nan aprèmidi. Selon enfòmasyon Haitian Bridge Alliance rapòte, se plis pase 90 migran ayisyen ki ta dwe nan vòl sa a. Pami yo, òganizasyon an fè konnen ta kapab genyen timoun. Nan mitan moun ki prevwa depòte yo, Haitian Bridge Alliance site ka Pastè Molis Augustave, yon jèn pastè ki te arete 4 septanm 2026 nan Pennsylvania, pandan li te gen yon dosye rezidans ki toujou annatant.
Vòl sa a ta reprezante senkyèm vòl depòtasyon Etazini voye Ayiti depi desizyon administrasyon ameriken an sou TPS Ayisyen yo













