JoĂ© Dwèt FilĂ© nomine nan “BEST Internastional Act Awards” kòm yon atis fransè nan kategori li a. Li nomine nan kategori sa a, pami gwo divès lòt atis entènasyonal tankou Any Gabrielly, Ayra Starr, Rema, SDM, Bashy pou n site sa yo ase. Seremoni an ap fèt nan Peacock Theater, Los Angeles California, lendi 9 […]Lire plus...
Alòske DCPJ te fin arete ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine, misye jwenn liberasyon l jounen vandredi 9 me 2025 lan aprè komisè gouvènman Pòtoprens la te fin dyaloge avèk li. Komisè Frantz Monclair di Alfredo ale pa peche ankò pandan DCPJ te arete l pou relasyon l ak gang, konplisite asasina a asosiyasyon malfèktè. […]Lire plus...
Konpayi ayeryèn Aruba Airlines te dwe kòmanse ak vòl li yo sou Ayiti apati 12 me k ap vini la a men sa pa posib. Rezon konpayi a bay, biyè ale retou 600 dola konpayi a pwopoze a fè moun fache e yo deranje pou sa. Leta ak yon branch nan sektè prive a prefere […]Lire plus...
StĂ©phane Vincent, ansyen direktè biwo imigrasyon ak emigrasyon sou Gouvènman Garry Conille an, gen detay pou l al bay lajistis sou lajan li gagote pandan li te direktè bwat sa a. ULCC mande pou Pakè chache yo paske yo detounen anpil lajan. Pandan dènye ane sa yo, anketè ULCC yo pwouve gen anpil dezòd ki […]Lire plus...
Ansyen depite Arnel BĂ©lizaire pase premye nwit li nan prizon sivil Jakmèl la. Aprè plizyè tantativ ki fèt pou te gen yon pase men nan dosye a, anyen pa mache, dosye a ap swiv wout li devan lajistis. Se ayè mèkredi 7 me a yo transfere l nan prizon an akoz li te bat Gabrielle […]Lire plus...
Kadinal Ameriken Robert Francis Prevost, se non nouvo 267e Pap ki pral syeje nan Vatikan pou jere legliz katolik. Li pran non LĂ©on XIV pou l egzèse fonksyon sila a. Robert Prevost fèt 14 septanm 1955 nan Eta Chikago. Li se manm Lòd Sen Ogisten. Li te konn travay nan peyi Pewou ant 1985 pou […]Lire plus...
William Etienne, RenĂ© Jacques Laguerre ak Jude Marcelin se non 3 ajan imigrasyon sa yo Inite Lit Kont Kòripsyon mete anba kòd ayè madi 6 me 2025 lan. Anplwaye sa yo t ap travay Dèlma 31, ri Lama ak Taba. Mesye sa yo te fè anpil kout maltaye nan dosye paspò pandan lansman pwogram Biden […]Lire plus...
UTAG, SWAT ak USGPN mennen yon atak sere sere ayè madi 6 me 2025 lan kont teworis Viv Ansanm nan divès kwen nan Pòtoprens, an patikilye nan zòn Pòtay LeyogĂ n. Anpil bandi tonbe pou yon lòt fwa nan echanj kout bal ak fòs lòd yo pandan gen plizyè dwon ki te lage pou imobilize kriminèl […]Lire plus...
Etazini anonse y ap peye biyè avyon pou chak migran san papye ki deside depòte pwòp tèt yo epi y ap ba yo 1000 dola. Daprè responsab DHS la, Noem Kristi, mezi sa a pral pèmèt yo ekonomize 70% nan kòb yo ta dwe depanse pou depòte yon sèl migran. Selon chèf DHS la, se […]Lire plus...
Konsila Jeneral Ayiti ki Santiago, an Repiblik Dominikèn raple tout ayisyen ki an difikilte sou tèritwa dominiken an kapab retounen Ayiti depi yo vle. Konsila a fè konnen gen bis ki disponib pou transpòte moun sa yo e yo bay 2 nimewo pou kontake konsila a pou yo ka konnen kòman sa ap fèt. Nimewo […]Lire plus...