Depi lè l rive an Repiblik Dominikèn, akèy la te fèt ak anpil chalè. Konsila Ayiti nan peyi vwazen te akeyi l ansanm ak Bovann epi Jojo. Rive nan peyi d Ayiti, sitou Wanament, se bann rara ak yon foul abiye an ble e wouj, koulè drapo a ki te vin akeyi l. Menm chalè ki te la depi lè m te Togo a, se menm chalè sa a li rejwenn nan peyi l. Chanpyòn House of challenge lan kontinye make lespri majorite ayisyen.
Chak kote l pase, Ariana pa sispann remèsye pèp ayisyen an pou sipò yo ba li.






















