Nab 150 000 dola sa a, Joseph Felix Badio jwenn 10 mil, 80 mil te pou USGPN epi 30 mil pou Cat Team. Se Rodolph Jaar ki fè revelasyon sa yo devan tribinal la nan Miami. Mouche a di se 6 jiyè 2021 li konnen se touye y ap touye Jovenel pito e sa te choke l. Rodolph Jaar di li te kite Ayiti 21 desanm 2021.
Enkilpe a di se li menm ki te livre tèt li bay FBI an Repiblik Dominikèn.




















