Anviwon 8 moun pèdi lavi yo, plizyè lòt blese san konte kay ak lòt byen peyizan yo ki ale anba flanm dife. Aksyon sa yo pase nan sware lendi 13 pou rive madi 14 avril 2026 la. Anpil moun kouri kite kay yo ak ti moun sou bra yo, wout bloke, tout bagay sanse tèt anba.
Yo pat limite kriminèl yo Kenskòf, kounye a yo ateri nan Sidès.




















