Minis zafè etranjè Repiblik Dominikèn nan, Roberto Alvarez remèt yon chèk 10 milyon dola bay Atul Khare ki se sekretè adjwen Nasyon Zini. Lajan sa a, selon minis la se pou sipòte batay kont gang yo nan peyi d Ayiti. Montan sa a ap antre nan fon pou ane 2026 pou FRG a pandan li pwomèt yon lòt 10 milyon pou lane 2027.
Repiblik Dominikèn ap antre fon nan zafè sekirite nan rejyon an pandan nou menm n ap betize.
Sendomeng di li vle wè estabilite nan peyi d Ayiti e se yon priyorite estratejik pou li.





















