Chèf Pitit Desalin nan, MoĂŻse Jean-Charles finn souse manmèl bèf la.Towo a deklare jodi a sou radyo Magic 9, si konsèy 9 tèt la pa fè anyen pou rezoud ensekirite a, Emmanuel Vertilaire ap demisyone nan 2 semèn ankò. Pi lwen, abolotcho politik la pa ekate posiblite pou l lanse kèk manifestasyon nan peyi avan […]Lire plus...
Depi plis pase 2 semèn, Pako, tou kole ak Tijo ap konnen yon moman konplike paske kriminèl 5 segond yo ap simen latèrè nan zòn nan. Pandan tout wikenn ki sot pase a, te toujou gen gwo echanj kout bal ant lapolis ak bandi. Anpil kay boule nan zòn sa a, sitou anpil kay an […]Lire plus...
Aprè yon videyo li te soti ayè vendredi 25 avril la, anpil moun sou TikTok te twouve li pat byen pale, yo te kouri dezabone avè l jiskaske li te rive pèdi kont sa a ki te desann a zewo abone. Kèk èdtan aprè, kont la retabli. Ayisyen kouri ak chef la paske yo di […]Lire plus...
Nan yon match ki te gen gwo entansite, pandan tout minit yo, Barcelone gen rezon sou Real Madrid aprè l fin bat li 3 gòl a 2 nan kad final Copa del Rey la. Pedri, Ferran ak Kounde se bitè Barcelone yo e MbappĂ© ak TchouamĂ©ni te enskri pou Real. Malgre gwo tansyon ki te […]Lire plus...
Se yon fineray wololoy yo chante pou Pap François jounen samdi 26 avril 2025 la nan vil Wòm. Pliske 250 mil moun te asiste fineray yo san konte plizyè milyon lòt ki te asiste l nan televizyon ak sou entènèt. Te gen anpil gwo diyitè nan fineray la tankou Donald Trump, Emmanuel Macron, Lula da […]Lire plus...
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an gen 45 milyon goud chak mwa pou sèvis entelijans, chak konseye gen 5 milyon ladan l. Gen yon lòt frè ki antre nan ribrik espesyal ki se 36 milyon goud, chak konseye gen 4 milyon ladan l chak mwa sa ki fè 9 milyon goud pou yo chak san konte lòt […]Lire plus...
Tonton Sam mete 9 initil nan tèt pouvwa a nan peyi d Ayiti, vandredi 25 avril 2025 sa a fè yo yon lane. Pandan yo la a, Kafou, Dèlma 19, Dèlma 30, Solino, Kriswa, Sodo, Mibalè, Kenskòf pou n site sa yo ase, tonbe anba men teworis. 9 atoufè sa yo pran peyi a an […]Lire plus...
Nan kad batay ki te genyen ant brigadye Kanapevè yo epi Lapolis fas ak kriminèl yo, gen pliske 30 malveyan ki al jwenn bawon san konte sa ki blese. Enfòmasyon sa yo soti nan divès sous nan PNH la ak bò kote brigadye yo. Nan kriminèl ki tonbe yo gen yon sèten Bozè ki te […]Lire plus...
Alòske gang Kraze Baryè a te pran pòz li fè silans, byen bonè maten jedi 24 avril la, yo refè sifas nan pati Lès komin Petyonvil, sou wout Frè a, nan enpas Grasyen. Nan echanj kout bal, 7 kriminèl tonbe e gen 4 ki te mouri sou plas anwizon 3 lòt yo al mouri sou […]Lire plus...
Nan tèt kole ak gouvènman Repiblik la, se pa yon rimè ni yon blag, Konsèy prezidansyèl initil peyi d Ayiti a kondane ak tout fòs li yon atak ki fèt kont yon seri sivil san defans, selon sa yo ekri nan kominike sa a, nan rejyon Jammu ak Cachemire, nan peyi End. Nan atak sa […]Lire plus...