Anpil polisye ak manm brigad Kanapevè a te desann Pako, sou Tijo pou al mennen yon rèd kont teworis k ap bay pwoblèm nan limit sa a jounen mèkredi 23 avril sa a. Bilan, anviwon 4 brigadye ki te avèk Samuel tonbe, pami yo yon lòt polisye ki rele Foudji ki te konn toujou nan […]Lire plus...
Jeff Gwo Lwa ki se chèf gang Kanaran an pran kontwòl radyo Panic FM k ap emèt sou 97.5 epi li chanje non radyo a an Taliban FM depi dimanch 20 avril 2025. Depi jou sa a, gang yo ap fè pwòp emisyon yo sou radyo a, se mesaj chèf gang nan k ap sikile […]Lire plus...
Anviwon 4 fanm k ap viv nan sitiyasyon iregilyè lakay vwazen sibi menm sò sa a dènye jou sa yo an Repiblik Dominikèn. Ajan imigrasyon yo antre nan matènite, yo arete medam sa yo ki te tou gen tranche. Youn nan imaj k ap sikile sou rezo yo manman k ap sibi move tretman alòske […]Lire plus...
Dieuseul, se sou non sa a yo prezante l, li gen 44 lane, Lapolis dominikèn mare towo sa a akoz l ap vann moun fo viza. Nan moman arestasyon an, fòs lòd dominikèn yo jwenn 13 paspò Ayisyen sou li. Misye pran plezi nan mache di li se konsil Brezilyen, kote l ap touche ant […]Lire plus...
Nan kad dosye ki enplike Magalie Habitant an, chèf Pakè Pòtoprens la envite ansyen ko-prezantè emisyon “Boukante Lapawòl”, Jean Ismael Valestin la pou vin reponn kesyon devan l. Daprè rapò DCPJ a, gen yon sèten Joseph Saget ki anba kòd e ko se pwòch Prophane Victor. Joseph Saget sa a konn pataje kominike plizyè moun […]Lire plus...
Tankou band anons yon fim ki pral sòti, Roselande Belony ki te gen videyo “sextape” li ki pran lari a, anonse nan yon kout videyo, l ap vin bay plis eksplikasyon sou sa ki te pase a. Jenn fi a di li gen istwa pa l e li panse se detwi yo vle detwi l […]Lire plus...
Reprezantan peyi Lachin nan l’ONU an Fu Cong akize Etazini kòm sèvo sa k ap pase nan peyi d Ayiti a pandan yon reyinyon lendi 21 avril 2025 sa a. Towo an di peyi meriken se lidè defakto nan matyè sekirite pandan li di yo fin mete yon tranzisyon nan peyi a epi yo rale kò […]Lire plus...
Depi wikenn pase a, plizyè chofè moto ak machin kòmanse fè ke devan ponp yo pou mete gaz nan veyikil yo. Maten lendi 21 avril 2025 lan, majorite ponp pa louvri, sa ki gen gwo enpak sou transpò a nan divès zòn. Sa rive akoz gang zanmi Leta yo bloke gaz la nan Tèminal Vare. […]Lire plus...
Pap François mouri byen bonè maten lendi 21 avril 2025 lan vè 7è 35, lè peyi Itali. Se kadinal Kevin Farrell ki anonse nouvèl la nan yon kominike li difize sou chèn Telegram Vatikan an. Chèf Sen Syèj la mouri anviwon yon mwa aprè li kite lopital kote l t ap pran swen an koz […]Lire plus...
Anviwon 3 sòlda Fòs Lame d Ayiti mouri pandan 6 lòt soti blese jounen ayè dimanch 20 avril 2025 lan. Sòlda sa yo te nan yon pikòp ki pa blennde, yo t a pote ranfò bay rès ekip ki sou tèren yo. Se pandan bakòp la ap pase epi kriminèl yo louvri kout bal sou […]Lire plus...