Redaktè Jounal

Yon jèn Ameriken nan men Lanmò 100 jou

Addison Pierre Maalouf kap viv Atlanta nan peyi Etazini ki trè popilè sou YouTube viktim kidnaping depi 14 mas pase a. Enfliyansè sa a ki gen chèn Youtube li ki rele « YourFellowArab », te sou wout pou al fè yon entèvyou ak Jimmy Cherizier alyas Babekyou. Jèn sa a ki gen 1.4 milyon moun kap swiv […]Lire plus...

Pèp Mibalè bay yon polisye bwa kale

Musca Michelet yon ansyen ajan sekirite konsèy elektoral pwovizwa a ak Alexandre Ananel yon polisye ajan II ki nan BIM, pran bwa kale nan komin Mibalè jounen vandredi 29 mas la. Lapolis nan Mibalè arete yo avèk plizyè milyon goud sou yo e yo sispèk se zam ak minisyon yo ta pral achte pou gang […]Lire plus...

Manman ansyen Senatè Youri Latortue mouri

Nan lannwit jedi 28 mas la, manman ansyen senatè Youri Latortue bwè dlo bouch li daprè enfòmasyon medya Rezo Latibonit pataje. Sikonstans ki antoure lanmò Carmen Immacula Cantave la pa ko rann piblik. N ap raple se menm Immacula Cantave sa a ki te angaje kòm kontraktyèl nan Sena Repiblik la, san bliye gwo mago […]Lire plus...

Pòtoprens tounen lanfè pou pèp Ayisyen

Wo Komisarya Nasyon Zini pou Dwa Moun fè konnen, sòti 1e janvye pou rive 29 fevriye 2024 sa a, gen 1436 moun ki pa gen anyen pou wè ak gang ki viktim: 686 ladan yo mouri, 371 blese e 379 lòt kidnape. Nan menm peryòd sa a, gen 695 bandi ki mouri osinon blese toujou […]Lire plus...

PDG Wonm Babankou a di politisyen yo egoyis

Men sa Delphine Gardère, nimewo 1 wonm Babankou a ekri sou kont X li: »Mwen desi anpil lè m ap gade aksyon egoyis anpil moun nan pwosesis tranzisyon sa a. Se toujou menm yo menm nan ki pa gen okenn enterè pou peyi nou avanse. Nou bezwen plis moun k ap poze aksyon sitwayen, san fòs […]Lire plus...

Cholzer Chancy pa nan prizon ankò

Aprè 2 èdtan li pase depi jij Merlan Belabre ap tande l, ansyen depite Enri a, Cholzer Chancy jwenn liberasyon l jounen mèkredi 27 mas la. Cholzer Chancy gentan pase 2 mwa nan prizon nan kad dosye rapò ULCC te rann piblik sou materyèl CNE yo. Se jij Al Duniel Dimanche ki te arete Cholzer […]Lire plus...

Minis tèritwa pèdi a retounen nan Peyi a

Nan yon vòl Sunrise, ayè lendi 25 mas la, Emmélie Prophète Milcé, ansyen minis Jistis ak Jean Victor Généus ki te minis Zafè Etranjè retounen nan peyi a aprè yon mwa yo pase nan mawon. Lè yo rive Okap, machin vin depoze yo Mòn Kabrit e yon blennde pran yo vin antre Pòtoprens. Kanta minis […]Lire plus...

Contact Us