Redaktè Jounal

Zago loray yo piye Premyè Legliz Baptis Pòtoprens

Aprè yo fin atake legliz la dimanch 24 mas pase a, bandi yo pa kanpe nan zak yo. Semèn sa a ankò, malfèktè yo antre nan Premyè Legliz Baptis ki nan ri Lareyinyon, yo pote ale sistèm son Legliz la, materyèl enfòmatik, mizik ak elektwonik daprè yon nòt kò pastoral legliz la mete deyò. Pastè […]Lire plus...

Lapolis fè flay nan dosye arestayon Dèdè a

Sitwayen ki rele Gladymir Joseph ajan BLTS ak DCPJ arete ayè nan Ayewopò Okap la se pa « Dèdè ». « Se yon gwo erè polisye yo fè lè yo konfonn mwen ak yon lòt moun, mwen pa nan gang », se sa sitwayen an anonse maten vandredi 5 avril la. Jenn gason 38 lane sa a PNH la […]Lire plus...

Dezyèm chèf gang Mòn Oje a nan Sidès anba kòd

Jean-Pierre Anthony alyas « Palaki » ki se dezyèm chèf gang Team H nan lokalite Mòn Oje, nan depatman Sidès anba kòd. Se Lapolis nan Sidès ki fouke towo sa a ayè jedi 4 avril la pandan yon operasyon. Gang Team H la se yon sèten Herby Guerrier k ap dirije l. Kanta Palaki li menm, chèf […]Lire plus...

Nouvo Prezidan Senegal la gen 2 madanm

Bassirou Diomaye Faye se non nouvo Prezidan Peyi Senegal la ki prete sèman dimanch pase a. Pandan envestiti li kòm nouvo prezidan Senegal, li anonse gouvènman pal la pral mete lòd nan jan resous peyi l ap jere. Jèn gason 44 lane a vin pi jèn prezidan poligam peyi Afrik Lwès la ak 2 madanm […]Lire plus...

Nan peyi d Ayiti, menm mò pa an sekirite

Anpil fanmi nan gwo difikilte pou swa al pran mò yo nan mòg pou chante antèman yo oubyen yo fin chante antèman an men yo paka al antere yo. Gen anpil ka konsa nan Pòtoprens, Kwadèboukè, Laplèn pou n site zòn sa yo ase. Youn nan rezon ki dèyè tout sa se paske anpil kout […]Lire plus...

Contact Us