Yon kesyon anpil moun ap poze paske konsta yo vizib. Kèk semèn avan 7 fevriye 2026, Lapolis t ap frape nan plizyè kwen nan kapital la e yo te fè yon bèl entèvansyon nan komin Kwadèboukè ak Taba, plizyè gwo bandi te tonbe. Bridsoukou, pyès moun pa tande kote Lapolis fè yon lòt pote boure sou Viv Ansanm depi aprè Fils-Aimé fin pran pouvwa blan meriken ba li a. Okenn chèf gang poko viktim, tout wout nasyonal rete bloke.
Èske tout bon vre se demonstrasyon Fils-Aimé t ap fè pou l gade pouvwa?





















