Nan yon kominike, otorite kominal yo fè konnen kanaval la pran fen ayè dimanch 15 fevriye 2026 la. Nan sans sa a, responsab vil la di tout pwolongasyon aktivite kanaval yo nan komin nan entèdi. Pyès moun pa gen dwa okipe lari a sou kèlkeswa fòm nan san yo pa bay yon vrè rezon pou sa. Nan menm nòt sa a, meri a di tout enstalasyon ki te fét pou kanaval dwe deplase rapidman.
N ap raple ayè dimanch lan gen moun li te viktim nan lari a.





















