Pi fò politisyen ayisyen rayi oubyen pè eleksyon. Nan entèval pou peyi a ta gen yon prezidan eli, 3 tranzisyon pase youn dèyè lòt: Ariel Henry fè 3 zan, 9 konze yo sot fè 2 zan, e kounye a nou tonbe nan Alix Fils-Aimé, premye minis blan an, san pyès moun pa konn pou kilè li la. Sitiyasyon moun ki nan sit yo vin pi mal, okenn chèf gang poko mouri ni arete, okenn mezi pa pran pou chanje lavi moun ki pi mal yo.
Alix Didier la pou lè gen eleksyon men gran kesyon an, kilè ap gen eleksyon sa a?





















