Nan kad somè chèf Leta Caricom yo k ap tap dewoule nan peyi Sen Kits ak Nevis, PM Ayiti a te chita pale ak bòs li Marco Rubio. Selon enfòmasyon primati bay, echanj yo sanble te chita sou koze sekirite, eleksyon ak enstabilite politik la nan peyi a. Se pa premye fwa Alix rankontre ak sekretè d Eta Ameriken a men anyen pa janm mache.
N ap raple Marco Rubio te toujou pou Alix ranplase KPT a.





















