Bienfait Joseph Zamor alyas dlo Poze jwenn arestasyon l nan vil Sen Mak. Se ajan UDMO ki fouke misye. Dlo poze se chèf gang nan zòn ki rele Pivè. Espesyalite kriminèl sa a se kidnape moun epi vyole fanm. Se youn nan delenkan ki t ap bay anpil pwoblèm nan zòn nan.
Pou kounye a, dlo Poze ap poze yon kote pou l pa fè dezòd ankò.





















