Yon fizi Luigi Franchi ki gen mak PNH sou non John Joel Joseph, yon fizi AR-15 mak Palmetto, yon galil PNH, se zam sa yo ajan federal prezante devan lajistis amerikèn nan kad asasina Jovenel Moïse la. Selon eskspè balistik yo, gen nan katouch ki soti nan zam sa yo ki te tire sou prezidan an jou 7 jiyè 2021an.
Anpil revelasyon ap fèt pou montre lanmò Jovenel la gen anpil gwo bra dèyè l toujou.




















