Plizyè inite nan PNH la livre yon batay san parèy fas ak teworis yo nan kapital la lendi kite 16 mas 2026 la. Nan zòn Pòtay Leyogàn ak Avni Bòlò, anpil sanginè tonbe nan echanj kout bal ak fòs lòd yo san bliye plizyè lèzòt ki blese. Anpil nan zèfèyis sa yo se ta manm gan 5 segond lan.
Daprè anpil temwen ak pasaje, anba lavil la gen plizyè kò san vi nan lari a.




















