Depi bajou kase nan Petyonvil jouk li rive 9è nan aswè, chak jou, tout ti kwen bloke ak gwo anbouteyaj. Volim machin ki gen nan lari a, reyalite machann k ap vann sou twotwa yo, ofisyèl k ap fè lòbèy, se kèk nan soufrans pou moun ki bezwen rantre lakay yo. Mete sou sa, ensekirite a lakoz komin sa a vin tounen yon zòn ki akeyi anpil moun ki kouri pou bandi. Biwo Leta ak biznis ki ogmante menm se pa pale.
Si pa gen yon plan ki mete sou pye pou limite reyalite sa a, pita ka pi tris.




















