Aprè defèt yo fas ak Tinizi nan dènye match amikal la nan vil Towonto, Grenadye yo sove yon match nil fas ak Island (1-1) jounen madi 31 mas 2026 la. Grenn gòl seleksyon an se Wilson Isidor ki apèn rejwenn ekip la ki make l nan fen match la. Grenadye yo jwe 2 match ki vrèman siyifikatif pou yo pandan trèv entènasyonal sa a.
Avan Mondyal la, FHF la prevwa 2 lòt match nan kòmansman mwa jwen an pou chofe ekip la.




















