Ak sipò task fòs la, plizyè ajan nan PNH la fè yon entèvansyon nan blòk Lasalin kote yo sezi yon machin ki gen non “Zo Reken” ki konn fè kidnaping nan Dèlma. Mete sou sa, 196 katouch 5.56 mm sezi tou, 5 kas balistik, 5 jilè pa bal konplè, 5 mayo manch long ki make PNH/DCPJ, yon pè bòt ak yon jiwofa.
Yon ti resèt anplis nan kè kapital la ki bay ti moso lespwa.




















