“Hantavirus” se non yon nouvo viris òganizasyon Mondyal Lasante anonse ki kòmanse fè dega kote 3 moun deja pèdi lavi yo. Gen 5 ka kontaminasyon yo deja anrejistre. Se yon bato kwazyè ki rele MV Hondius ki soti Kapvè ki ta sous maladi sa a. Selon OMS, gen posiblite pou gen lòt nouvo ka ki anrejistre avan lontan. 3 viktim yo se nan kwazyè a yo te ye.
Maladi sa a se yon espès rat ki ta transmèt li e li ka pwovoke gwo pwoblèm respiratwa ak kriz kadyak.





















