Nan yon nòt legliz Katolik mete deyò kote ansanm evèk ki nan konferans episkopal yo siyen, yo mande Ariel Henry pran yon desizyon sajès, kidonk rale kò l pou l ka kite peyi a mache. Legliz la drese yon bilan trè sonm de 30 mwa Ariel Henry pase nan tèt peyi a kote se krim ak kòripsyon ase k ap mennen. Pou tout rezon sa yo, achevèk yo mande Ariel Henry tchoule kò l.
Kominike sa a sòti kèk èdtan aprè doktè a di pa gen pèsonn k ap fè l fè yon pa nan tèt peyi a. Menm moun ki nan antouraj Ariel wè plas li pa la a ankò.