Jodi samdi 8 oktòb 2022 a, bandi ki fè pati gang Izo ap dirije nan Vilaj de Dye a pase pa lanmè epi atenn Simonè, yon lokalite nan zòn pò Lafito kote yo lanse yon atak sou moulen Dayiti (ansyen Minotri Dayiti). Atak la fèt vizavi zòn franch ki Pò Lafito a nan sòti Nò […]Lire plus...
15 mwa aprè, malgre tout pale anpil, ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moïse la toujou bloke. Mathieu Chanlatte, Gary Orélien, Chavannes Étienne ak Merlan Belabre se 4 jij ki pase sou dosye a deja san anyen pa fèt. Senkyèm jij ki sou li la a se Walter Wesser Voltaire ki poko janm ka pran gwo […]Lire plus...
Daprè enfòmasyon ki disponib yo, aprè lèt gouvènman an te ekri pou mande entènasyonal la vin ede l rezoud ensekirite a, peyi Kanada ak Etazini ta 2 premye peyi ki pare pou fè deplòtonnen twoup yo nan peyi a. Nouvèl la sòti nan yon medya ayisyen ki trè prezan sou rezo yo. Touswit aprè piblikasyon […]Lire plus...
Fas ak maladi Kolera a ki retounen e k ap monte an fòs, poutèt gaz ki pa genyen nan peyi a e yo an difikilte pou bay sitwayen ameriken ki nan peyi a sèvis e yo avanse rezon ensekirite a tou, Deptaman Deta ameriken mande rès pèsonèl k ap travay nan anbasad la an Ayiti […]Lire plus...
Se ofisyèl. Desizyon gouvènman an te pran nan konsèy minis pou mande yon fòs etranjè demake nan peyi a sòti nan jounal ofisyèl peyi a. Nan arete sa a, tout minis yo siyen e mande newochirijyen an pou l mande san pèdi tan yon entèvansyon militè pou vin konbat gang yo ki, selon sa yo […]Lire plus...
Aprè yon konsèy minis ki fèt jedi 6 oktòb la nan aswè, ansanm minis yo ak konseye PM de facto a Ariel Henry, otorize l ekri entènasyonal la pou mande yon entèvansyon an ijans atravè yon fòs etranjè an Ayiti. Yo voye lèt sa a ale yon mannyè pou mande èd pou yo konbat gang […]Lire plus...
Efektivman, enfòmasyon ki sòti nan yon sous fyab fè konnen premye minis Ariel Henry kouri kite yon reyinyon li t ap fè san zatann. Toujou daprè sous la te gen plizyè reyinyon ki t ap fèt, alòske premye minis la te nan youn nan reyinyon yo, li deplase ak tout chofè l nan youn nan […]Lire plus...
Pou yon lòt fwa ankò, premye minis ki la pou yon ti bout tan an pa bay okenn valè ak revandiskasyon mas popilè a. Nan diskou li fè 5 oktòb 2022 a, li sèlman mande pèp la pou l kale je l yon bò epi mande entènasyonal la vin ba l yon kout men pou […]Lire plus...
Lekòl la ki te dwe louvri 3 oktòb pa kapab akoz twoub sosyal, ekonomik ak politik k ap brase bil peyi a depi plizyè mwa. Tout kote nan peyi a se manifestasyon, ensekirite a ap vale tèren pi rèd toujou. Ansanm sitiyasyon sa yo ak anpil lòt ankò mete gouvènman an nan gwo difikilte menmsi […]Lire plus...
Videyo a viral sou tout rezo sosyal yo. Plizyè jenn gason vyole yon jenn vi, fè videyo sèn nan epi pibliye l sou tout rezo yo. Zak sa a pase nan komin “Pòmago” ki sitiyel nan Nò peyi a. Se yon vyòl kolektif ki lage anpil moun nan lapenn nan fason kadejakè yo matirize jèn […]Lire plus...