Lapolis asasinen 5 ajan BSAP nan komin Petyonvil, zòn Laboul 10. Aprè dram nan, polisye yo ale ak kadav ajan sa yo, machin nan ki chaje twou bal, zam yo epi yon motosiklèt. Nou aprann tou gen plizyè lòt ajan ki jwenn arestayon yo pandan divès lòt blese. Se nan mitan jounen mèkredi 7 fevriye a aksyon tèrib sa a rive. Anpil kout bal tap chante nan komin Petyonvil, sitou nan zòn kote komisarya a sitiye a.
Aksyon kòmanse lage gwo kè kase nan peyi a paske sa ka vin pi mal.