Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, fè konnen fòs ki angaje nan operasyon kont gang an Ayiti yo detwi kay chèf gang Lanmò San Jou a ansanm ak katye jeneral gang 400 Mawozo a. Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal li, Bukele fè konnen operasyon an reyalize yon pwomès li te fè. Li deklare: Ala lach yo lach! , pandan l ap fè referans ak manm gang yo ki, dapre li, te kouri kite zòn nan san yo pa eseye konfwonte fòs k ap mennen operasyon an.
Piblikasyon prezidan salvadoryen an akonpaye ak imaj ayeryen ki montre lafimen k ap monte nan youn nan zòn kote operasyon an ap dewoule.













