Amnisti Entènasyonal lanse yon apèl bay Premye minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, ak prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, pou garanti respè dwa moun pandan operasyon militè sòlda salvadoryen yo ap mennen an Ayiti kont gang ame yo. Nan yon kominike, Ana Piquer, direktè Amnisti Entènasyonal pou Amerik yo, ensiste pou tout operasyon fòs salvadoryen yo fèt nan respè dwa moun ak prensip entènasyonal yo. Li mande pou angajman gouvènman ayisyen an pran pou anpeche vyolasyon dwa moun tradwi an mezi konkrè.
Òganizasyon an mande 2 gouvènman yo rann piblik akò ki pèmèt deplwaman sòlda salvadoryen yo ann Ayiti.













