Chèf misyon diplomatik ameriken an an Ayiti, David Howell, mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé pou pran dispozisyon pou sispann operasyon militè El Salvador ap mennen kont gang ann Ayiti, annatandan yon pi bon kowòdinasyon ak Fòs pou Siprime Gang yo. Daprè enfòmasyon medya ameriken Axios pibliye, demand sa a fèt nan yon mesaj diplomatik David Howell te voye bay Premye minis la depi 4 novanm.
David Howell te fè konnen operasyon sa yo te lakòz omwen 3 viktim, pandan li te denonse mank dispozisyon medikal apwopriye pou militè ki angaje nan misyon an.













