2 sitwayen dominiken, Frandeli Andújar Reyes ak yon lòt gason yo te konnen sou non “Concote”, mouri anba bal nan lanmè an Ayiti pandan yon operasyon sispèk kontrebann sigarèt. Daprè enfòmasyon Diario Libre pibliye, mesye yo te kite Punta Rucia pou ale Ayiti pou achte sigarèt nan kontrebann. Yo te akonpaye ak yon twazyèm moun. Kèk endividi ta kidnape yo pou pran bato yo ak motè li yo. Yo touye 2 mesye yo epi lage kò yo nan dlo. Twazyèm moun nan, ki te pran yon bal, te rive chape epi retounen an Repiblik Dominikèn.
Se pechè ki te rekipere kadav yo nan dlo ki toupre Ayiti, anvan yo te transpòte yo sou teritwa dominiken.













