Yon nonm ki idantifye sou non Ougan Tibo Liberal mouri yè samdi 31 oktòb 2026 la, nan echanj kout zam ak Lapolis nan yon gagè ki toupre mache kominal Wanament lan. Ensidan an rive pandan ajan fòs lòd yo t ap egzekite yon manda kont li. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, lè Ougan Tibo Liberal […]Lire plus...
2 sitwayen ayisyen pèdi lavi yo nan maten dimanch 1e novanm 2026 la, nan sektè Friusa, distri minisipal Verón-Punta Cana, aprè yon echanj kout zam ak yon patwouy Polis Nasyonal dominikèn, daprè kèk medya dominiken. Viktim yo idantifye kòm Arson Leroy, 30 lane, ak Geriste Promesse, 34 lane. Daprè enfòmasyon ki pibliye yo, ajan Direksyon […]Lire plus...
Yon chajman anviwon 525 tòn materyèl militè ki soti Bangladèch ap antre an Ayiti atravè Repiblik Dominikèn, pou sipòte Fòs Represyon Gang yo (GSF). Materyèl yo gen ladan zam, ekipman militè, machin espesyalize ak lòt founiti pou operasyon sekirite yo. Almay te finanse transpò chajman an, pandan Repiblik Dominikèn te fasilite operasyon lojistik la. Nasyonzini […]Lire plus...
Direksyon Jeneral Migrasyon Repiblik Dominikèn fè konnen li arete 2 256 etranje ki te nan sitiyasyon migratwa iregilye pandan jounen vandredi 30 oktòb 2026 la, nan kad plizyè operasyon kontwòl migrasyon ki te dewoule nan diferan zòn nan peyi a. Selon enfòmasyon otorite migrasyon yo pibliye, pami moun yo arete yo, 1 466 te jwenn […]Lire plus...
Chak 1ye ak 2 novanm, Ayiti komemore Fèt Tout Sen ak Fèt Mò yo, 2 dat ki gen anpil enpòtans nan tradisyon relijye ak kiltirèl peyi a. Peryòd sa a make tou pa divès seremoni ki gen rapò ak tradisyon Gede nan vodou ayisyen an. 1e novanm nan make Fèt Tout Sen yo nan tradisyon […]Lire plus...
Prezidan ameriken Donald Trump fè deklarasyon sou sitiyasyon militè salvadoryen ki deplwaye ann Ayiti, nan kad efò pou konbat gang ame yo. Se pandan li t ap reponn kesyon jounalis yo, nan yon videyo, Trump te fè konnen li te pale ak Prezidan salvadoryen Nayib Bukele, ki te fè l konnen li gen gwo enkyetid […]Lire plus...
Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, denonse sa li konsidere kòm manti nan yon rapò yon òganizasyon pibliye sou operasyon sòlda peyi li yo ann Ayiti. Òganizasyon an te akize militè salvadoryen yo kòmkwa yo ta itilize bonm ak elikoptè ame nan operasyon kont gwoup ame yo. Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal yo, […]Lire plus...
Nan yon kominike li pibliye nan fen semèn sa a, meri Akayè a mande tout moun k ap viv nan komin nan pou pa resevwa moun yo pa konnen lakay yo. Responsab yo mande pou yo pa lwe okenn endividi yo pa rekonèt kay epi mande yo si yo ta nan yon kondisyon parèy, se […]Lire plus...
Majistra vil Okap la, Michel Saint-Croix, fè konnen fanm k ap frekante simityè vil la pandan 1e ak 2 novanm pa dwe mete ni ti jip kout ni bout pantalon twaka. Daprè majistra a, okenn fanm pa dwe pwofite okazyon sa a pou mete rad ki ekspoze pati entim kò yo pandan y ap vizite […]Lire plus...
Atis ayisyen Bourik Delatalay jwenn arestasyon li an Repiblik Dominikèn, anvan otorite dominikèn yo te transfere li bay Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan Wanament nan fen jounen vandredi 30 oktòb la. Pou kounye a, poko gen plis detay sou sikonstans ki antoure arestasyon li an, ni sou rezon ki fè otorite dominikèn yo te […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
