Chak 1ye ak 2 novanm, Ayiti komemore Fèt Tout Sen ak Fèt Mò yo, 2 dat ki gen anpil enpòtans nan tradisyon relijye ak kiltirèl peyi a. Peryòd sa a make tou pa divès seremoni ki gen rapò ak tradisyon Gede nan vodou ayisyen an. 1e novanm nan make Fèt Tout Sen yo nan tradisyon katolik la, yon okazyon kote fidèl yo rann omaj pou tout sen yo. Pandan 2 novanm nan, se Fèt Mò yo, yon jounen kote anpil moun sonje pwòch yo ki mouri, vizite simityè, netwaye tonm epi depoze flè pou rann omaj ba yo.
Nan tradisyon vodou ayisyen an, peryòd sa a gen yon plas espesyal pou fanmi Gede yo, espri ki asosye ak lanmò, simityè epi pasaj ant lavi ak lanmò.













