Prezidan ameriken Donald Trump fè deklarasyon sou sitiyasyon militè salvadoryen ki deplwaye ann Ayiti, nan kad efò pou konbat gang ame yo. Se pandan li t ap reponn kesyon jounalis yo, nan yon videyo, Trump te fè konnen li te pale ak Prezidan salvadoryen Nayib Bukele, ki te fè l konnen li gen gwo enkyetid akoz kèk nan moun pa l yo ki te viktim ann Ayiti. Mwen te pale avè l. Li di m li gen yon gwo pwoblèm ak Ayiti…Yo touye kèk nan moun pa l yo. Mwen di l: Se ou k ap dirije peyi w. Ou dwe fè sa ou gen pou w fè, se sa Donald Trump deklare.
Deklarasyon sa yo vini nan yon moman kote El Salvador ap ranfòse prezans militè li ann Ayiti, pandan 4 militè salvadoryen te disparèt apre yon anbiskad nan zòn Santo.













