Chamaella Moïse, 13 lane, Lovelie Casimir, 18 lane epi Jean Jean ki gen anviwon 20 lane se 3 moun sa yo ki pèdi lavi yo respektivman nan komin Kòtdefè, Tyòt ak Kay Jakmèl. Selon bilan pasyèl sa a pwoteksyon sivil nan Sidès bay, lapli ki tonbe yo lakoz gwo dlo desann e pote ale anpil […]Lire plus...
Richard Alexandre alyas “Caonabo Vedette” ki se yon jounalis kiltirèl tonbe anba bal nan zòn Dèlma 83 ayè madi 27 oktòb 2026 la. Se endividi k ap sikile sou moto ki tire jounalis la selon sa frè li Jean Wilner Alexandre rapòte. Kriminèl ki touye l yo pete je l, yo pran bous ki te […]Lire plus...
5 pechè ki soti nan komin Abriko, nan depatman Grandans, rive Kiba yè madi 27 oktòb 2026 la, apre move tan sou lanmè te fè yo navige pandan plizyè jou. Pandan tout tan sa a, fanmi yo pa t gen nouvèl sou sa ki te rive yo, sa ki te lakòz anpil enkyetid nan mitan […]Lire plus...
Ansyen senatè ayisyen John Joël Joseph deklare devan tribinal federal Miami an Joseph Félix Badio te nan tèt kòtèj mèsenè Kolonbyen yo ki t ap pran direksyon rezidans prezidan Jovenel Moïse la, nan lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021, kèk èdtan anvan asasina chèf Leta a. Deklarasyon sa a mete aksan sou wòl Badio […]Lire plus...
Nan kad refòm l ap fè nan edikasyon lakay li, prezidan Ibrahim Traoré deside mete listwa peyi d Ayiti nan lis istwa elèv Burkinabè yo ap etidye. Prezidan an egzije pou revolisyon ayisyèn nan antre nan pwogram lekòl yo pou elèv yo ka aprann kijan ewo yo te kwape lame fransèz nan peyi a. Refòm […]Lire plus...
Pàn entènèt sou rezo Digicel la kontinye soulve mekontantman bò kote kliyan yo, ki plenyen pou entèripsyon sèvis la chak 2 ou 3 jou, pandan yo kontinye peye plan entènèt ki koute chè. Nan yon deklarasyon, PDG Digicel la fè konnen konpayi an sibi 2 domaj sou lyen fib optik entènasyonal li yo sou Wout […]Lire plus...
Biznisman Jhonson Napoléon pran lapawòl sou konfli li ak Pastè Moïse Joseph konsènan pwojè izin diri KPK a. Nan yon deklarasyon li pibliye sou rezo sosyal yo, li fè konnen Pastè a te mande l èd pou finanse ekipman pou izin nan, yon envestisman li evalye a anviwon 650,000 dola ameriken. Se aprè Pastè Moïse […]Lire plus...
Yon jèn Ayisyen 23 an, ki idantifye kòm Destino Jean-Louis, ap fè fas ak akizasyon asasina Ozetazini, apre lanmò menaj li, Latosha Ann Cooper, yon fanm 45 an, ki te mouri anba bal devan yon magazen Walmart nan Cheltenham, nan eta Pennsylvania, nan dat 21 oktòb 2026 la. Daprè plizyè medya ameriken, asasina a ta […]Lire plus...
Pandan temwayaj li devan lajistis ameriken nan kad pwosè ki gen rapò ak asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse la, John Joël Joseph te reponn kesyon pwokirè a sou yon posib enplikasyon ansyen senatè Youri Latortue nan konplo a. Lè pwokirè a te mande l si Youri Latortue te enplike nan konplo pou asasinen Jovenel […]Lire plus...
Marc Antoine Accra ak 4 lòt moun ki enkilpe nan dosye trafik dwòg dwe al jije devan tribinal kriminèl san asistans jiri selon yon òdonans Lakou d Apèl Pòtoprens rann ayè lendi 26 oktòb 2026 la. Dosye sa a gen pouwè ak bato “Manzanares” kote an avril 2015 BLTS te sezi 105 kilo kokayin ak […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
