Nan kad refòm l ap fè nan edikasyon lakay li, prezidan Ibrahim Traoré deside mete listwa peyi d Ayiti nan lis istwa elèv Burkinabè yo ap etidye. Prezidan an egzije pou revolisyon ayisyèn nan antre nan pwogram lekòl yo pou elèv yo ka aprann kijan ewo yo te kwape lame fransèz nan peyi a. Refòm sa a lanse nan mwa oktòb 2026 la nan peyi Burkina Faso.
N ap raple gen anpil mo ak ekspresyon prezidan an elimine nan liv lakay li yo pou bay vrè sans ak sa blan yo te konn fè esklav yo.













