Anviwon 30 fanm jounalis te patisipe jedi 27 dawout la nan yon jounen fòmasyon Gouvernance Group (GG) te òganize sou tèm “Fanm jounalis ak eleksyon”. Aktivite a te make fen yon pwogram fòmasyon ki te dire yon mwa edmi pou ranfòse kapasite fanm ak jèn fi k ap travay nan medya yo. Plizyè pwofesyonèl medya […]Lire plus...
Dieurickson Mondelus, 19 lane, pèdi lavi li aprè li te pran yon bal nan tèt pandan yon match foutbòl nan Sasye, 4èm seksyon komin Jeremi, jedi 27 dawout 2026 la. Daprè enfòmasyon yo, yon diskisyon te leve sou tèren an pandan match la, anvan jèn gason an te pran bal. Daprè temwayaj ki disponib yo, […]Lire plus...
Se afwontman ant 2 gwoup gang ki koz lanmò plizyè endividi nan Bòdmè Limonad daprè Arol Jean, pòt pawòl PNH la pou depatman Nò. Viktim yo se pa manm popilasyon sivil la men se pito bandi ki tonbe toujou selon pòt pawòl la. Detanzantan gen ti dife vilan nan rejyon nò a e semèn pase […]Lire plus...
Romel Benoît, yon jèn gason, pèdi lavi l anba bal jedi 27 dawout 2026 la, nan lokalite Mankèt, komin Wanament. Ensidan sa a pase anviwon 9è nan aswè, pandan viktim nan te sou yon motosiklèt. Daprè temwayaj plizyè moun nan zòn nan, plizyè kout zam te tire sou jèn gason an. Moun ki te komèt […]Lire plus...
Anndan rèl ki gen Kenskòf la gen yon lòt trajedi boulvèse ki ankò pi grav. Yon jèn demwazèl ki te fè sezaryèn jedi te retounen lakay li samdi 22 dawout aprè kòmandasyon medsen li. Nan moman teworis yo te anvayi komin nan dimanch swa, yo debake lakay li. Malgre li te montre yo plè operasyon […]Lire plus...
Anpil bèf kòmanse mouri aprè yo fin tonbe malad nan 5e seksyon kominal Dàm Mari, nan depatman Grandans. Selon Ernst Rotyla Dirette, plizyè mouri e gen anpil abitan k ap soufri ak gwo doulè nan vant. Gen lòt moun li gen plè k ap leve sou po yo. Daprè kèk espesyalis, se ta siy maladi […]Lire plus...
Ansyen vis delege awondisman Miragwàn sou administrasyon ansyen prezidan Michel Martelly, Samuel Bonheur, jwenn arestasyon li lendi 24 dawout 2026 nan depatman Nip. Arestasyon an fèt pandan li t ap fè demach administratif pou jwenn kazye jidisyè li, yon dokiman li te bezwen pou prepare kandidati li nan pwochen eleksyon yo. Daprè enfòmasyon ki disponib, […]Lire plus...
Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS) mete piblikman non ak foto 15 Ayisyen ki te pami plis pase 160 moun Etazini te depòte an Ayiti nan dènye vòl la. Nan yon kominike ki pibliye 24 dawout 2026, DHS prezante moun sa yo kòm moun ki gen divès dosye kriminèl, pami yo manm gang, moun ki kondane […]Lire plus...
Gouvènman ayisyen an ap bay moun Etazini depòte nan peyi a yon asistans finansyè pou ede yo kontinye vwayaj yo aprè yo fin rive. Daprè enfòmasyon jounalis Jacqueline Charles nan Miami Herald, chak depòte resevwa anviwon 76,40 dola ameriken nan men otorite ayisyen yo. Se ajan Ofis nasyonal migrasyon (ONM) ki resevwa yo nan ayewopò […]Lire plus...
Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Biwo Lit Kont Trafik Estipefyan (BLTS), anonse arestasyon Alexis Hernso ak Exterminé Samuel nan kad yon operasyon kont trafik dwòg. Operasyon an te fèt nan zòn Karade, Siloye ak Taba. Pandan entèvansyon an, ajan BLTS yo sezi 281,5 kilogram marigwana. Daprè enfòmasyon otorite yo, moun yo te itilize yon […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
